top of page

Konsènan nou

Rezo Entènasyonal Fanm ki te nan Prizon (INFIW) rasanble plizyè santèn fanm nan plis pase 30 peyi sou 6 kontinan. Se fanm ki te viv sitiyasyon an dirèkteman ki te fonde e k ap dirije INFIW; yo te kreye l an repons ak gwo ogmantasyon ki bay kè sote nan kantite fanm k ap al nan prizon toupatou nan mond lan, ansanm ak gwo dega prizon lakòz pou fanm yo, pitit yo, fanmi yo ak kominote yo.

MISYON

VIZYON

Nou anvizaje yon mond ki lib anba tout fòm pinisyon, kote tout fanm ak timoun ap viv avèk diyite epi tout moun respekte dwa moun yo nètale.

INFIW se yon kowalisyon entènasyonal fanm ki te pase tan nan prizon; yo angaje yo pou yo travay ansanm nan objektif pou chanje sistèm aktyèl la—ki baze sou pinisyon—pou yo ale nan direksyon jistis transfòmatif, epi pou mete fen nan prizonizasyon fanm ak tifi toupatou nan mond lan.

INFIW Logo (3).png

Prensip Gid

  • Dignite ak Dwa Moun: Nou ankouraje respè total pou diyite ak dwa moun tout fanm ak tifi sistèm jistis kriminèl la afekte; n ap lite pou asire ke fanm ki prive de libète yo jwenn tretman imanitè, ke yo pa sibi vyolans, epi ke yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv.

  • Solidarite Entènasyonal: N ap bati epi ranfòse solidarite nan nivo mondyal avèk fanm ak tifi ki nan prizon oswa ki te pase ladan l, ansanm ak tout moun sistèm jistis kriminèl la afekte dirèkteman—tankou manm fanmi yo ak lòt moun nan kominote mondyal la ki angaje nan kòz sa a.

  • Otonòm Fanm: N ap fè vwa fanm sistèm jistis kriminèl la afekte dirèkteman yo tande, epi n ap asire yo patisipe aktivman nan chèche solisyon altènatif.

  • Kraze Baryè Prizon yo: N ap òganize nou epi n ap leve vwa nou kont nenpòt mezi ki ogmante itilizasyon prizon oswa nenpòt lòt fòm prizon; n ap defann solisyon altènatif pou ranplase prizon pou fanm ki deja pran nan pyèj sistèm jistis kriminèl la.

  •  

  • Sipò apre Prizon: N ap ede fanm ki soti nan prizon (ki gen ladan fanm imigran) rebati lavi yo, epi n ap chèche ranfòse kapasite kominote yo pou ankouraje bon jan reyentegrasyon sosyal yo.

  • Sansibilizasyon: N ap edike moun sou konsekans grav prizon genyen sou fanm, epi n ap lite pou mete fen nan diskriminasyon ak stigmatizasyon fanm ki nan prizon oswa ki te pase ladan l yo sibi—sa gen ladan l fanm trans ak moun ki idantifye kòm moun ki gen idantite sèks divès.

  • Chanjman nan Apwòch: N ap travay san pran souf pou chanje sistèm nan: soti nan yon sistèm ki baze sou pinisyon pou ale nan yon sistèm jistis transfòmatif.

  • Re-envesti Resous: N ap travay san pran souf tou pou deplase resous ki nan sistèm jistis kriminèl la epi mete yo nan politik ak pwogram ki envesti nan kominote yo, nan objektif pou ankouraje sante ak byennèt fanm ak timoun.

  • Kolaborasyon Mondyal: N ap kolabore ak òganizasyon ak rezo atravè mond lan pou pataje konesans, resous ak estrateji efikas, epi pou nou defann kòz la yon fason pou mete fen nan prizon pou fanm ak tifi.

GID KOMINOTE A

Yo espere manm INFIW yo:
 
 Respekte epi ankouraje Prensip Gid INFIW yo: Kenbe epi ankouraje prensip gid INFIW yo aktivman nan tout aktivite ak kominikasyon.
 
 
 Patisipe aktivman: Angaje aktivman nan reyinyon ak aktivite rezo a, patisipe nan omwen yon gwoup travay, epi kontribye nan diskisyon sou entènèt.
 
 
 Bati solidarite epi konekte: Konekte epi kolabore ak lòt manm rezo a, pou ankouraje solidarite nan nivo nasyonal, rejyonal ak entènasyonal avèk fanm ki te pase tan nan prizon.
 
 
 Respekte youn lòt: Travay ansanm pou asire yon atmosfè respè mityèl ak solidarite, avèk yon angajman pou egalite ant moun k ap travay ansanm yo.
 
 
 Koute avèk atansyon: Koute lòt moun avèk atansyon epi asire ke tout manm gen opòtinite pou yo fè tande vwa yo.
 
 
 Respekte divèsite: Respekte diferans nan opinyon ak pozisyon politik, ansanm ak divèsite nan idantite sèks, pou ankouraje yon anviwònman enklizif pou tout moun.
 
 
 Patisipe nan desizyon kolektif: Angaje nan pwosesis pou pran desizyon kolektif, anba lidèchip fanm ki te pase tan nan prizon. Lè nou swiv direktiv sa yo, nou asire ke INFIW se yon espas ki an sekirite epi ki pote anrichisman pou tout manm li yo, sa ki ankouraje yon anviwònman sipò mityèl ak kolaborasyon efikas.
 
 
 KRITÈ POU VIN MANM:
 
 INFIW konpoze sitou ak òganizasyon fanm ki te pase tan nan prizon ak fanm aktivis ki te pase tan nan prizon te fonde epi dirije.
 
 
 INFIW gen ladan l tout moun ki idantifye tèt yo kòm fanm (sa gen ladan l fanm trans) oswa moun ki gen yon idantite sèks divès.
 
 Pou fè pati INFIW, òganizasyon ak moun dwe sipòte epi adopte Vizyon, Misyon ak Prensip Gid rezo a nètale; respekte Gid Kominotè li yo; epi dakò pou patisipe aktivman nan rezo a.
 
 Òganizasyon ki vle fè avanse misyon INFIW, men ki pa dirije pa fanm ki te pase tan nan prizon, byenveni pou patisipe kòm manm afilye. Manm afilye yo dwe respekte lefètke se moun sistèm jistis kriminèl la te afekte dirèkteman ki dirije pwosesis pou pran desizyon nan rezo a; sa asire ke eksperyans ak pèspektiv moun sa yo rete nan sant tout desizyon ak inisyativ INFIW yo.

PATNÈ

bottom of page